DEV Community

Cover image for POUKISA OU DWE APRANN JAVA
Victor reginald
Victor reginald

Posted on

POUKISA OU DWE APRANN JAVA

Banm komanse yon fason ki ka parèt dròl. Mwen pa yon evanjelis Java paske pèsonelman mwen pa renmen tandans yon group enfòmatisyen genyen pou y’ap preche moun vin aprann yon langaj sou baz se li ki pi bon.

Atik sa gen rapò ak eksperyans resan ke’m fè. Nan dènye ane yo la gen yon monte an fòs Javascript, nan yon ti kras tan anpil zouti tankou Fremwòk, librèri elatriye kreye nan kominote Javascript la. Sa fasilte travay enfomatisyen kap itilize Javascript. Sa ki vin fè anpil enjenyè lojisyèl senyò konseye debitan pou yo aprann Javascript, sou baz li fasil pou aprann epi byen rapib y’ap gentan kapab kreye yon bagay ki vivan ak li. Sa mwen pral di la yo, se pa pou m kanpe anfas kominote Javacript la ni di senyò sa yo pa gen rezon.

Jan tandans la ta vle fe konprann Java se yon langaj ki plis pou antrepriz, li difisil pou aprann, avan ou resi fè yon bagay ki senp ak li ou gen pou’w fè yon pakèt konfigirasyon epi ekri yon pakèt liy kòd. Mwen avèk eksperyans pa’m, mwen ap di se pa toujou vrè. Se pito tandans ak bagay ki parèt fasil ki fè nou panse sa. Mwen pral bay 7 rezon poukisa yon moun ( enjenyè lojisyèl ) dwe aprann Java.
Enter fullscreen mode Exit fullscreen mode

Java fasil pou aprann
Anpil moun ( enjenyè lojisyèl ) pral sezi. Wi Java fasil pou aprann. Se jis yon langaj ki mande anpil disiplin. Benefis disiplin w’ap vin genyen nan aprann Java ap fasilite lavi w lè w pral gen pou aprann yon lòt langaj. Sèlman tan pou’w santi’w alèz epi prodiktif ak Java ka plis pase lòt langaj tankou python ak Javascript e sa depann de moun k’ap aprann li a.

Java gen yon API ki rich
Yon lòt gro rezon pou w aprann Java se lis API ki vini ak li a. Java tou vini ak API pou manipile fichye, nètwòk, XML, koneksyon baz done, elatriye.

Java gen yon paket libreri lib
Ak anviron 20 lane ekzistans, Java se youn nan langaj ( Pou’m pa di premye ) ki gen plis libreri lib pou nenpòt domen ou ta bezwen an.

Java Gratis
Anpil moun renmen bagay ki gratis. Si yon Enfomatisyen oubyen antrepriz bezwen yon langaj solid e gratis, Java se mèyè chwa a.

Java Endepandan
Lè’m di Java endepandan, sa vle di li pa fèt pou yon platfòm byen espesifik. Ekri kòd ou yon kote epi ekzekite li nenpòt lòt kote.

Java se yon langaj ki oryante objè
Java se yon langaj ki tipikman oryante objè. Prensip oryante objè yo fe kòd k’ap ekri a pròp epi viv lontan san bay problem pou li grosi.

Ps: Apati Java vèsyon 8, gen posibilite pou fè programsyon fonksyonèl ak lamda ekspresyon ki vin ajoute nan langaj la.

Java se youn nan langaj yo pi byen peye moun ki konnen li byen
Salè yon enfomatisyen ki konn Java etazini mwayènn $79 137 dola ameriken pou yon lane, pou enfomatisyen ki pap travay sou plas (distans) $81 877 dola ameriken epi $69 000 dola ameriken pou yon enfomatisyen jinyò. Chif sa yo se glassdoor ki bay yo.

Top comments (5)

Collapse
 
bigvaiasgard profile image
Asgard Bigvai Marcella

Dapre sam komprann python se lagaj ki pi senp pou yon debutan , javascript vinn aprè . On neg kap komanse programe ak java li gen 40% chans poul rabi , ou byen li abandone sil pa gen konviksyon. Java son languaj purman oryante objet so li mande on bon nivo analiz avanw resi fon bagay ki reprezantab nan figi moun sinon se kove wap fe. Java pwisan vre men m pa we poukisa on moun aprann on langaj epiw paka fe anyen avel de konkrè.

Collapse
 
tichif profile image
Dalzon Charles-Hebert

Monchè, atik sa enteresan. Domaj pa gen anpil moun kap li l.

Collapse
 
lezeta profile image
Victor reginald

mesi pou fidbak la. ede m pataje l

Collapse
 
amiralda profile image
Dany AUGUSTIN

Levanjil Java byen chita, anpil evidans verifyab Mpa di tout non, agomantasyon solid bravo predikatè Java, men...🤣🤣🤣🤣

Collapse
 
eliothson profile image
Fontin Eleazar Eliothson

Regi bro, Bon bagay